La traversée
Yo itilise mo sa dès fwa lè yon moun kite la vi pou lan mò vers l’éternité
Yo itilizel tou lè wap traverse la rivye kap desan pou rive à la finalité
Gin de fwa se lè wap travèse yon pon kap mennenw de l’autre côté
Traversee ka vle di diferan bagay sa depan kote ou kanpe, kotew rete
Jodi a se 1 e janvye 2023, nap fè yon travèse, ki pa sanble trò fasil
nap naje, nou eseye anpil metòd, nou bay anpil bras, anpil anpil;
tou sa nan chache yon demen miyò, yon demen ki ta ka trankil
men maladi selebral fe bras yo ale nan move direksyon akòz move kalkil
chak ane tout moun, nan tout peyi toujou pran anpil rezolisyon
chak moun mande an fonksyon de bezwen yo, ak sitiyasyon yo
gen de vœux ki akonpli, ki tèlman akonpli yo minm rive multipliye yo
gen yon pakèt ki pa janm abouti, ki pa janm pote satisfaction pou yo
Desin sa map fè a sanble anpil ak 11 milyon moun ki gaye patou
Minm si nou gaye sou tout la tè, nap rete frè pou toujou
Mwen kwè ou déjà konprann paske sa map di la pa yon devinèt pou ou
Map pale de peyi d’Ayiti ki se yon bagay ki trè chè pou nou
« JFK te di : Pa mande ki sa peyi a ka fè pou ou, mande ki sa ou ka fè pou li »
Gen moun peyi a fè pou yo, men, sa yo jwen nan yo itilizel kont LI
Yo pa janm ede peyi D’Ayiti, yo pa janm proteje LI
Yo panse sèlman ak tèt yo, ak fanmi yo, e pou pòch yo ki jan li ka pi ranpli
Ki sa ki ka rive, si yon jou pèp la dekouvri ki sa peyi a ka ba yo?
E pandan se tan yo ti minorite kinbe pèp la a distans, epi yo pran tout pou yo
Ki sa ki va rive si majorite sa a ta vle debarasel de moun kap peze koul yo?
malfektè sa a yo toujou ap mandé nou pou padone yo ak bliye sa yo fè nou yo
Ils ont tellement de choses à se faire pardonner, les désespérés de la
réconciliation,
Les bourreaux de toute une jeunesse exploitée, de toute une génération,
Pardon, réconciliation ce sont des mots qu’ils utilisent souvent;
Le premier pas, pourquoi ne font-ils pas le premier pas, s’ils y croient vraiment.
Offrez d’abord la branche d’olive et votre mea culpa libérateur!
Ainsi, nous les exploités, la cohabitation nous l’accepterons pour un demain sans
peur.
Johny Pierre
Koneksyon 509
1 e Janvier 2023 en 219 e de l’independance