Yon ti lizyè ki separe lakou lakay ak lakou kay sòt
Yon ti lizyè ki pa trò ro, ni ki pa trò ba, li ròtè yon pòt
Yon ti lizyè ki pa menm bann yon chans wè sa kap pase kay vwazen
Yon ti lizyè ki separe chato vwazen ak kay pam ki pa trò lwen
Men fòk ou ta di se yon etènite, se yon gwo osean ki separe nou
Lakay vwazen la pli ap tonbe, nou wè bèl ti kanna kap jwen nan ma labou
Pou tan bò la kay an nou se yon toubiyon pousyè ki sòti pou asfiksye nou
Poutan se yon ti lizyè, yon ti lizyè, yon ti lizyè tou piti ki separe nou
De twa ti boujon mayi ke nou plante, yo pa ka leve
Paske bò lakay, malgre ke se yon ti lizyè ki separe nou, la pli pa janm tonbe
Lakay vwazen solèy la klere poutan se yon ti lizyè ki separe nou wi
Men lakay pam wa di se kote kat mare twa, tèleman jwèt la di
Fòk ou ta di se kote ki gen lanmò, figi lakay sanble ak tristès makiye
Mwen tande kay vwazen chodyè kap fri, mwen pran sant bon manje
Poutan lòt bò lizyè nou gen sèt kòd ki mare vant
Tankou yon bourik mal sele ki pral monte yon pant
Timoun yo ap gadem, adye, mwen pa ka di yo anyen
Timoun yo ap gadem, yap gadem epi yo tout ap plenyen
Keksyon ke map poze tèt mwen, eske se yon istwa map janm ka konprann
Nap monte le syèl pa do, eske se yon istwa nan lekòl nou ka aprann