Jodi a mwen vini fè yon ti pale ak la realite
Ane pase lè konsa yon jou kou jodi a mwen sonje
Mwen te soti ak 100 dola nan poch mwen
Mwen te plen machin mwen ak gaz
Mwen ale nan makèt mwen achte anpil manje
Mwen te ale nan sinema mwen gade yon bon fim
Epi mwen retounin lakay ak lajan nan pòch mwen
Yon lane pi ta mwen soti ak 100 dola nan pòch mwen
Lè mwen rive nan pomp lan li pa minm ka plin machin nan
Ki sa eske se yon mal mwen fè map peyi
Mezanmi bagay la grav mwen blije vini mande sekou
Yon boutey rhum te 20 dola Jodi a li 27
Sim manti mande Renal granmoun nan
Yon lòt te 90 dola jodi a li 104 dola
Sim manti mande cloure kabann
Mwe blije mande kote sa prale