Dènye fwa mwen te fè yon ti pale avèw
Mwen te pwomèt ou mwen tap tounen sou do pyew
Sa fè yon bon ti tan deja daprè sa mwen wè
Mwen te pran sanm poze yon dividal keksyon
Jouk jounen jodi a map tann repons
Kòm mwen pa konn ki jan yo ekri mo abandone
Jodi a mwen tounen ankò, yo mèt dim san wont
Pou ki sa anpil nan ti moun ou yo
Pi mechan pase pitit ansyen sanmiw lan
Se vre yo toujou ap fe manifestasyon de gloire
men vyèy ti minm mwen pawòl nan bouch annnnnn
se tankou kout ponya ki soti nan izin pa nan grenn delma 66
kòm se sou papye mwen ka pale avèw
min sim te jwen ou fas a fas nou tap fè yon bèl dialog
mwen tap mandew eske ou sonje istwa Ananias ak Safira
mwen tap mandew pou ki sa se te yo
alòs ke jounin jodi a andan kay la
yon donnen kon diondion tankou se kote yo mare bèt