Le bon vieux temps, temps longtemps ki ale, tan lontan ki pap janm retounnen
Tan lontan kote tout lannwit te prepare depi matin e kontinye tout la jounnen
bèl ti zizye nan bòl, ti goute sou dife, ti kapris je dou se sa ki te mesaj la
kounye a se sou face book tout randevou kase eyy pa bliye non mache ak chosèt la
nan ton lontan: Manman map vini mwen pral etidye anba poto elektrik la
tan kounye an eyy manman, mwen pap antre non aswe a , ou met fèmin pot la
tan lontan, tan de la nostalgie se yon passe simple ki tounen futur anteryè
yon futur kote tout lizay decompose , tout sa nou manyen tounen inpafè,
relasyon santimantal tankou relasyon amikal conjugue sèlman au condisyonèl
konye a mwen metel sou tab la, ranje bel kouve asyet fayans pa inkondisyonèl
poutant mwen menm , mwen te toujou reve viv nan yon mond plus que parfait
kounye a pouw ka reyisi, fòk ou se bandi legal ou tout simpleman ou se yon a tou fè.
Kitem sispann reve, kitem ale chèche le bon vieux tan sou koneksyon 509 nan emisyon tout fanatik yo Dimanche Nostalgique