Mwen sonje mwen te di nou ke mwen ta pral fe yon ti vwayaj
Aaaa sa pat fasil , nou we nou tande anpin bagay
Gen de bagay se pa di pou yo vinn diw
Men se ak de je nan tèt ou pou ou wè yo
Gen de bagay se pa rekonte pou yo rakontew yo
Men se ou minm minm ak plim ou ki pou ekril
Jodi a mwen retounen pou m ka eksplike nou ki jan sa te ye
Kòm mwen te di nou pa gen vwayaj kip a gen destination
Enben mwen te resi rive koute yo rele zil tik la
Mwen te resi rive e mwen konprann realite a
Mwen monte anpil mònn, janbe anpil rivyè
Le nou diw mònn ak montay, epi rivye dlo
Se pa ti bagay, anba pyem fe anpil zanpoud
Bèt nan bwa manke manjem, aaa kote sila gen anpil bèt
Bèt ak 2 pye 2 min, yo sanble ak men yo aji tankou bèt
Bagay la te di anpil, min sa ki bon an seke mwen retounen
Poum ka ekspilke kouman kote sila bagay la di anpil
Se pa tout kote w prale ou ka pase pa la grande route
Paske la grande route pa fèt pou tout moun
Gen de fwa se pa bwa pouw pase paske gran rout
Wi sou gran rout gen plis bet sovaj ke pase pa bwa
Epi siw pa gen antèn yo ka touye siyal ou kote si la a
Ti moun, mwen gen anpil bagay poum pale ak nou
Paske jan bagay la ye la se selman les esprtis tordus kap mennen
Se sèmal les bandits legaux ki opilan epi kap fè la loi
Men ti rès la rete anba pay pou yo ka siviv.
Bon mwen konnen nou gen keksyon nou anvi poze
Mwen konnen nou gen pawol nou anvi pale
Min se pa jodia paske Charly ak Joe ap tann mwen
Li de déjà fe 7 tè sa vle koneksyon an chaje ak fanatik
Anpil moun pou moman pa yo ki se Dimanche Nostalgique
24 Juillet 2022
corrigé et révisé le 28 aout 2022