Mwen chita min nan machwè map reflechi
Map mande tèt mwen sa kap pase nan kalfou a
Wi map pale ak tèt mwen piske ki yès kap kapab reponn mwen
Mwen rann mwen kont ke nap viv nan yon monde theatral
Kote tout bon bagay déjà fèt dèyè rido
Epi sa nap gade a se sa yo vle fè nou wè
Gin de fwa nou pa minm konnprann pyès la, trajedi, komedi
1804-1915-57-86-91-2004-2022 kidnaping, okipasyon, manifestation,
intervention, politik, chirijikal, espiritiel, la foi, le corps l’esprit
Lidè politik, prezidan bann machè, kou deta, prezidan premye minis
Koumanman, pyès teat pa nou an gin anpil akt ladann
Mwen gen linpresyon mwen mèt gade pyès sa yon dividal fwa
Mwen pap janm ka konprann ni; eske c’est le théorème de Thalès
Fe koupe fe, pase an ro, pase an ba na kontre sur la tanjant
Eske map oblije fè tankou Diogène, avec une lanterne, une torche
En plein midi me mettant à chercher un homme, tonnerre
Eske mwen dwe ekri pròp teat pam pou rakonte istwa pam?
A aaaa li tap trò kout pou rakonte istwa makaron sa a
Sim te mizisyen mwen tap ekri yon mizik, ki tap rele kontre kou
Poum pare tout kou malfektè ap voye dèyè dom
Sim te konn pale lang Moliere ak les autres yo
Mwen tap fè yon gro kokenn chenn diskou sou la pals piblik
Pou vann tout rèv mwen genyen pou mwen ak fanmim
Tankou yon pyès teat, mwen tap fè yon bèl miz an sèn
Pou vann li bay tout moun ki kontinye ap viv nan lespas
Ki pa ka fè diferans ant gita ak violon,
Mwen tap di yo la vi yo pral chanche demin au premier chant du coq.
Erèzman, wi erezman mwen pa ka fè tout bagay sa yo
Mwen tap yon danje an plis pou la repiblik, yon danje pou la sosyete
Mwen tap yon metdanm an plis kap bay Bon Dieu san konfese
Mwen tap yon bandi legal en plis pou dechèpiye ti sa ki rete a
Mwen tap yon asasin en plis ki tap mache touye lespwa
L’espoir de la jeunesse en désarroi, à la merci des déceptions
Kote ale lekòl pa gen ankenn sans ankò, tankou nan tan pam
Ou te gen rèv, minm si yo pa realize, mais au moins nou tap reve
Jounin jodi a pa gen rèv ankò yo mouri sou la place publique
Antere anba pil fatra kote kochon manje yo ak kadav kòm degi
Hey ou menm ki tap mal fete, ki pral mal fete, anpil feux d’artifice,
Eske ou janm reflichi ki jan yon lòt konpòtman ta ede la minorite
Mwen pa mandew pa fete, min keksyon map poze ak kisa wap fete
Eskew travay pou sa? ou byen se paske ou gen dwet long siperyè
Eske ou gen eksperyans pou sa ou se paske ou ranpe ou kouche byen
Jodi a mwen konprann ti moun sa a ki te chita bò la ri a
Tout moun tap pase epi li te di : a pa nou bliyem, sa nap fè avèm?
Al gade figiw nan glas pou wè si ou pa fè pati de problèm nan!
Epi sispann pozem keksyon ki sa pale a ap fè pou mwen.
Paske, kew vlel, kew pa vlel; mwen fèk kare pale
www.koneksyon509.com
Johny Pierre
23 Octobre 2022
Koneksyon 509