Misye leve li te fe ekzakteman 8 tè 23 di matin
Se yon nèg ki trè a cheval sur les principes
Mysie se nèg ki pa janm manje gratin
Misye te konn fimen, min se pat pipe
Misye leve , li gade an ro , li gade an ba
Misye di a la de rans papa, ki fè mwen min ti jean
Pou koupe ap jwe la a le lambi
Epi yo dim mwen pap ka, paske li intèdi mariani
Non se pa posib sa pap ka pase konsa
Li antre nan douch la li ouvè dlo a
Epi lap chante yon ansye chante Maste brand
Sa te raple li anpil souvni, ki pa gen tras
Li sòti nan douch li abiye li
Li kanpe devan glas lap gade tèt li
Bèl gason devan letènèl, se sa li di tèt li
Misye pran yon vè, li rale boutey renal li
Jodia se jou poum koresponn ak bandi
Mwen pral mete lòd nan dezòd
Mwen pa bezwen konnen si se ak kòd
jodi a map marel, ke soley, la linn, ou byen la pli
paske jodi a se le lambi mwen prale
sou yon kanape , yon televizyon lap gade
yon kou, de kou, boutèy la pran kou
saw tande a ronfle mete pye tou
et l’homme se reviella à six heures
dans le jardin de la koneksyon
pour une dimanche nostalgique en action
on est tous la, plus de plaisir que de peur
22 Mai 2022
Johny Pierre Dimanche Nostalgique