Anpil fwa gen anpil moun kap eseye rezoud equation la vie a
Min yo pa janm sonje lèw finn chase X gen anpil lòt inkoni ki la
Yo bliye fòk ou chase Y epi fòk ou chase Z tou
Si non problèm nan rete antier toujou
Yo toujou di li pa fasil pou konprann le théorème de Thalès
Paske nan li, minm si se sou yon tanjant nap kontre ak Manès
Minm si se sou yon paralèl nap kontre kanmem
Paske paralèl toujou mache o mwens an tandem
Equation la vi a li fasil wi pou rezoud wi zanmi
Min fòk ou chache konnen tout possibilite ak tout inkoni ,
lè ou an fas problèm sa yo fòk ou gen clairvayance
Si non vle ou pa problèm nan wèl ou pi rèd Natol France
Gen de problèm pou rezoud yo fòk ou gen bon nin
Si non ou pap janm ka jwen sinus sou gran chemin,
Mwen pa min bezwen pale de cosinus ti frè
Bon nou pap pale tròp non, paske li fè 6 zè