Jo di a se jou ki rive poum di tout moun Bay Bay
Se vre nou pa janm fini konprann tout bagay
Min map di nou gin moun ki doktè nan zenyèz, nan tripotay
Jo di a se pa sèlman baryè ki lib min, nou ouvri pòtay
Babay paske mwen pral fè yon gran vwayaj
Se vre mwen pa finn twò konnin nan ki vilaj
Men sèlman mwen konnen se pa kay vwazinaj
Paske pa bò isit, mwen realize gen anpil sovaj
Tanpri souple pa mandem ki kote mwen prale
Paske mwen minm tout mwen pa finn twò konnin destine
Sèl bagay mwen konnen yon jou mwen gen poum rive
Paske tout vwayaj gen destination minm siw mize
Mezanmi pa mandem ki lè map tou retounen
Paske mwen pa konnen si lap yon long ou yon kout jounnen
Sèl bagay mwen konnen se pa jwèt marèl, kote nou pral prominnen
Se pa chwa pam, min se lè a ki sonnen pou mwen
Tout moun, minm sa ki pa twò fanatik yo, Babay, orevwa, a la prochèn
Tanpri pa bliye toujou fè sa ki bon, pa bay mont lan twòp chèn
Pa mande travay pou mezi fòs ou, min mande fòs pou fè tout travay la san pèn
Bon male bus Koneksyon 509 la rive mwen pa ka ratel, babay à la uitèn.
26 Juin 2022
Johny Pierre