Jodi a mwen vini fè yon ti pale avèw
Minm si mwen konnen mwen pap ka wè avèw
Min al bèl sa ta bèl sim ta ka tande vwaw
Yo di mizè pam se mizè paw
Eskew konn grangou
Eskew konn sa ki rele viv san lanmou
Eskew konn tris, eskew konn chagrin
Eskew konn leve yon jou ou pa gen yon bout pin
Bon tou tan wap pale ak lòt moun, se vre
Mwen minm, pou valè nwit blanch mwen pase
Kouman fè avè ou pa janm fè yon ti koze
Poutan chak jou ou toujou pale ak Makenson , avèk Andre
Map pozew kè keksyon, pa fache non souple
pou ki sa ti moun ou yo ak yon sèkèy ap mache
anba bra yon , yo toujou ap mandew kraze
pou ki sa ti moun ou yo toujou ap mande
Se vre mwen te inspire par Charly
Tanprin pa lage malediksyon sou li
Paske tèsk sa a se pa li ki ekri li
Se pawòl ke mwen ekri pandanm tap dòmi
Bon mwen ta ka pale plis wi konpè
Min lè mwen gade mont mwen li fè 6 zè.
Map tounin sou do pyew vye frè
Dimanche Nostalgique ap tann mwen, bye bye, na wè yon lòt lè
Johny Pierre
24 Avril 2022